Home / REZIME SEMÈN NAN / SAMDI 27 AK DIMANCH 28 SEPTANM 2025 ⏰

SAMDI 27 AK DIMANCH 28 SEPTANM 2025 ⏰

REZIME SEMÈN NAN.🎤

S AK TE DI?
S AK TE FÈT?
KIYÈS KITE DI?
KI JOU?
KOLÈ

Ak ROBENSON MASSENA.

👉LENDI 22 SEPTANM. 2025.⏰

ESPÒ/ BALON DÒ🖥

MELCHIE DUMORNAY fini nan pozisyon 18tyèm, nan klasman balon dò fanm yo. Yon plas ki gen anpil pale sou li. Selon fanatik Jwez Ayisyèn yan, Chouchou yo a, merite nan top 10 la.

ESPÒ/ ELIMINASYON MONDYAL.🖥

WILSON ISIDOR deklare, li prè pou l pote koulè seleksyon an, si tout fwa Antrenè a ta rele l, pou l ta fè pati GRENADYEN YO.

ELEKSYON🖥
Yon lòt fwa ankò, KPT a, renouvle volonte yo, pou yo òganize eleksyon pou yo bay peyi a yon nouvo prezidan anvan 7 fevriye 2026.

JISTIS🖥
Komisé g
Gouvéneman pòtoprens lan, Me Patterson Fritz Dorval, nan yon konferans deprès lite bay lendi kite 15 septanm nan deklare ke dosye ansyen Senatè Depatman Nip lan. MESYE NENEL CASSY pwal revize epi defere nan kabiné denstriksyon dapré rapò DCPJ a.
Yon pawòl, patizan NENEL yo voye byen lwen ak kalifye kòm yon pèsekisyon politik.

👉MADI 23 SEPTANM 2025.⏰

SANKSYON🖥
Peyi Etazini koupe Viza MESYE MAX CHAUVET Direktè ( Le Nouvelliste), kii anmenmtan se manm konsèy egzekitif Uni Bank lan.

Arnel Belizaire e Antonyo Cheramy (Don K-to), 2 ansyen palemantè sa yo, peyi etazini sanksyone yo paske yo paske yo patisipe nan destabilize peyi dayiti.

Ansyen Senatè ANTONIO CHERAMY ( Don K-to) konsidere sanksyon Blan Meriken ba li a, kòm yon mannèv politik pou yo gache pwojè politik li. Epi li di sa pa ebranle l. Paske li gen lontan li pa pile kote ki rele Etazini an.

-Magistra kominal wanament lan, Luma Demétrius, ak plizyè responsab meria jwenn arestasyon yo aprè enketè ULCC Nan nòdès peyia te finn tande yo

FWOD 🖥
Selon plizyè Sitwayen Ayisyen, yo ta sibi zak malonèt anba yon ajans vwayaj ki baze l nan North Miami (Florida) ki pran plis pase 4 a 12 mil dola us nan men yo, pou fè yo antre Etazini, pandan yo pa janm vwayaje.

KORIPSYON🖥
Lapolis fouke GAMAL AUGISTIN Kise Ansyen Direktè TNH la. Aprè ankèt ULCC , ta jwenn Sitwayen an t ap detounen lajan ak byen leta e fabrike siyati responsab logistik enstitisyon an.

👉MÈKREDI 24 SEPTANM 2025.⏰

ARESTASYON🖥
Nan Etazini, otorite yo arete DIMITRI VORBE . Yo ta jwenn prèv li nan sipòte Nèg Ak Zam. Epi fè kanpay pou vyolans nan peyi Dayiti.

SANTE🖥
Nan sousi pou relokalize Lopital Jeneral, Ministè Sante ak Ministè Finans , siyen yon pwotokòl akò sou kijan sa ap posib.
Minis Sante Piblik la, MESYE BERTRANT SINAL Kriye Ayibobo pou KPT AK PRIMATI A.
pou jan yo gen volonte pou travay pou byennèt sante popilasyon an.

KRIM🖥
Nan Ri Espanyòl andidan komin Wanament, selon kèk temwen gen 2 moun yo pa rive idantifye ki pote ale lavi AVOKA ALBERT JOSEPH, manm bawo lòd Avoka nan Fòlibète, aprè plizyè bal yo ba l nan tèt.

👉JEDI 25 SEPTANM 2025⏰

ARESTASYON🖥
Lapolis Arete nan Wanament, Pastè MOÏSE JOSEPH, aprè ankèt lapolis yo ki ta fè kwè Pastè a ta sispèk nan touye AVOKA ALBERT JOSEPH.

ENSTALASYON🖥
Komisè Minisipal la, APPOLON ALIX enstale kòm Nouvo Kòmandan Brigad operasyon ak Entèvansyon Depatmantal la, (BOID).

ELEKSYON🖥
CPT A, dwe prese, prese tankou mèt Janjak pou òganize eleksyon yo anvan 7 fevriye 2026. Epi dirijan nan CPT yo dwe konnen ke pouvwa yo pa etènèl.
Pawòl anbasadè Peyi Etazini yan.

-_Me Patrick Pierre -Louis jwenn yon lòt manda pou 2 zan Nan tèt bawo pòtoprens
_MeAgelka Ternela eli batonye lod avoka Nan bawo jakmel

👉VANDREDI 26 SEPTANM 2025.⏰

SEKIRITE🖥
Nan Tribin ONU, Prezidan Konsèy prezidanzyèl la,
Mesye LAURENT ST CYR, deklare Ayiti bezwen èd tout zanmi l yo, pou lapè ka retabli nan peyi a.

DENONSIYASYON🖥
Patizan ak senpatizan, Pastè MOÏSE JOSEPH. denonse abi, otorite yo ap fè Pastè a lè yo arete l nan dosye Asasina Avoka ALBERT JOSEPH LA.
pou Patizan pastè a,
se yon mannigèt y ap fè pou kraze pwodiksyon diri a nan Wanament.
Konplo sa gen ladann, gwo revandè diri ak kèk otorite nan peyi Sendoming.

SONJE SA👇👇👇

TOUJOU DANSE ANBA YON SÈL TONÈL, POU LÈ CHAPO W TONBE.
POU KONN KOTE POU RANMASE L.

Robenson Massena
LAVI FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *