Home / REZIME SEMÈN NAN / WEEK-END SAMDI 13 AK DIMANCH 14 SEPTANM

WEEK-END SAMDI 13 AK DIMANCH 14 SEPTANM

REZIME SEMÈN NAN 🖥

S AK TE DI?
S AK TE FÈT?
KIYÈS KITE DI?
KIYÈS KITE FÈ?
KI JOU?
*KI KOTE?

AK ROBENSON MASSENA.🎤

LENDI 8 SEPTANM 2025.⏰
👉AYITI TRAFIK ZAM.
Ansyen direktè jeneral Ministè kilt yo. Mesye Evens SOUFFRANT te parèt devan jij Noé MASSILLON PIERRE LOUIS nan kad dosye zam legliz episkopal la.

👉AYITI DIPLOMASI
Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Mesye LAURENT ST CYR te resevwa lèt kreyans diplomat JOSÉ DE JESÚS CISNEROS CHÁVES Kò m nouvo anbasadè peyi MEKSIK an AYITI.

👉AYITI DIFAMASYON
Nan distri sid florida, nan peyi blan meriken. Direktè Jeneral OAVCT a. Te depoze yon plent kont sitwayen ROD JOSEPH pou mantò li ta fè sou li.

MADI 9 SEPTANM 2025

👉AYITI ESTALASYON.
Minis afè sosyal ak travay la. (MAS) MESYE GEORGER WILBERT FRANK enstale MESYE JHONNY RAPHAËL Kòm nouvo direktè kès asistabs Sosyal la CAS.
Desizyon sa pran, aprè plizyè (sit in) kònt Ansyen direktris la.

👉AYITI RESTITISYON AK REPARASYON.
Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Mesye LAURENT ST CYR enstale komite nasyonal k ap gen pou jere koze reparasyon ak restitisyon yo. (CNHRR).
Komite sa gen ladann 21 moun.

👉AYITI ESPÒ.
Nan kad elimimasyon mondyal 2026, ki gen pou fèt nan 3 peyi lamerik dinò yo.
GRENADYE YO te al fè yon match nil 3a3 ak kostarika lakay li.
DUKENS NAZON te fè 3 gòl pou ekip nasyonal la.
Pou kounya GRENADYE Yo 3zyèm nan poul la.

MÈKREDI 10 SEPTANM 2025.

👉AYITI DEPÒTASYON.
SELON otorite nan Repiblik Dominikana. Yo ta pimpe 250 mil Ayisyen tounen lakay yo. Kòmanse janvye pou rive mwa Dawout 2025 lan.
San konre 115 mil konpatriyòt, ki chwazi tounen volontèman.

👉AYITI ELEKSYON.
Plizyè dirijan pati politik di yo pare pou yo ale nan eleksyon.
Si tout fwa ap gen eleksyon pou pòs prezidansyèl la.
Jan manm CPT Yo prevwal la.

👉AYITI NETWAYAJ.
atravè ministè travo piblik leta Ayisyen , retire plis pase 200 machin kite kraze ak boule, nan zak briganday yo nan sant kapital pòtoprens .
Epi retire fatra anpil kote.

👉AYITI ENSEKIRITE
Nan vilaj LABODRI Ki nan komin KABARÈ.
Gen plis pase 40 moun, mouri anba bal nèg ak zam, selon majistra vil la.
Masak sa ze yon vanjans nèg ak zam yo fè.
Pou prezime chèf gang Vladimir kite mouri anba bal fòs lòd yo.

VANDREDI 12 SEPTANM 2025.

👉AYITI REVANDIKASYON
yon gwoup moun sou plizyè rezo sosyal yo.
Ki di yon kont desizyon Jijdepè RENAULD PIERRE Pran an.
Lè l mande PASTÈ MOYIZ Pou l peye kòm dedomajman 60 milyon goud, pou tèt yon machin izin diri KPK a ta fè.
Sinon se pou l fèmen izin nan.
Pou sila k ap revandike yo.
Se yon mannèv pou yo kraze pwodiksyon diri lokal la.

👉AYITI RANKONT AK ELEKSYON.
Yon lòt fwa ankò, Prezidan KPT a.
Mesye LAURENT ST CYR te chita pale ak Ansyen lokatè palè nasyonal la, MESYE JEAN-BDRTRAND ARISTIDE.
rankont sila te fèt sou ki mannyè yo ka òganize yon bon eleksyon, nan fen ane a. Pou Ayiti leve ak yon nouvo prezidan eli, 7 fevriye 2026.

YON TI KONSÈY
Toujou sonje.
TWÒ BWÒDÈ, FÈ KRAB PÈDI TEOU L.
*

ROBENSON MASSENA, LAVI FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *