Home / REZIME SEMÈN NAN / DIMANCHE 31 AOÛT 2025

DIMANCHE 31 AOÛT 2025

REZIME SEMÈN NAN

👉LENDI 25 DAWOUT 2025

AYITI SEKIRITE
Fòs lòd yo te rive pran kontwòl lokal teleko ki te anba kontwòl nèg ak zam nan komin kenskòf.

AYITI ESPÒ
Chèf primati a,MESYE ALIX DIDIER FILS-AIMÉ
remèt yon chèk 100 milyon goud ak federasyon foutbòl Ayisyen an pou seleksyon U17 la ka prepare l pou mondyal yo gen pou jwe nan peyi kata.

👉MADI 26 DAWOUT 2025

AYITI KILTI
ANIE ALERTE chantèz gwoup mizikal ZILE a.
nomine nan kategori pou MVAA AWARD lan pou dènye albòm li an ki rele VWAYAJ aK toune anblematik li sot fè sou moso tè PAPA DESALIN NAN.

AYITI SEKIRITE
Nan sousi pou mete lòd ak sekirite nan gran sid la,
Komisè jiridiksyon miyagwàn nan MESYE MISCADIN rive sezi yon kamyon kite chaje kou legba :ZAM, MINISYON, AK LÒT MATERYÈL. Jiska prezan nanpwen moun ki konnen pouki moun kamyon sa te ye.
Pou kounya chofè kamyon an sou kontwòl lapolis.

👉MEKREDI 27 DAWOUT 2005.

AYITI POLITIK
Komite egzekitif nasyonal mouvman patriyotik pou lavi ( MOPAL) te reyini nan vil Okap ak kòdinasyon 3 depatman sa yo: NÒ, NÒDÈS, SANT.
Rankont sa te fèt pou dirijan yo ka ranfòse kòdinasyon yo pou yo ka travay pi plis pou byennèt pati a, apre gouvennman an te finn pase lod ak chef pakè ya pou libere san kondisyon majò jon pati ya, Nenel Cassy, bra dwat Alix Didier Fils-Aimé

POLITIK #2
Plizyè sitwayen te manifeste nan vil Okay, kote yo t ap mande pou Komisè Miscadin ta eksprime volonte l pou l kandida pou pòs prezidan nan eleksyon ki gen pou fèt yo.

ATIYI KORIPSYON

AYITI KRIM
Se mèkredi 27 dawout la, antèman jèn tiktokè ya, ZAMY WANDER ki poko menm pran rezilta ekzamen NS4 li, chante nan pawas legliz SENPYÈ, patwon relijye komin petyon vil la.

1_ Ansyen majistra komin kafou a. JUDE EDOUARD PIERRE, ta enplike nan yon dosye blanchiman lajan, selon yon rapò (Unité de Lutte Contre la Corruption et le Renseignement Financier) UCREF

2_ ULLC mete yon avi rechèch dèyè MESYE SERGE GABRIEL ki se direktè jeneral Fon Asistans ekonomik ak sosyal la ( FAES) ki ta akize kòm moun ki gaspiye lajan anbasad peyi lachin te bay pou soutni moun ki kite kay yo pou ensekirite, nan kad pwogram kore pèp la.

👉JEDI 28 DAWOUT 2025

AYITI- LAKILTI ANDÈY
Ansyen chantè gwoup mizikal ZENGLEN AN nan ane 1990 yo. Mesye GARRY DIDIER PEREZ mouri man laj 59 lane, aprè anpil tan li tap soufri ak yon maladi.

AYITI KONTREBANN
Fòs lòd yo rive arete ansyen direktè jeneral Ministè Kilt la, EVENS SOUFFRAND, nan dosye kagezon zam legliz episkopal la.

AYITI JISTIS
Ajan sekirite FERDINAND SAINT FLEUR Ki tap travay pou MINISTÈ LEVASYON PEYI DAYITI A Kita sanble te bay jèn tiktokè ZAMY WANDER bal la jwenn arestasyon li pa DCPJ.

AYITI SEKIRITE
Selon rapò polis nasyonal la, PNH.
Gen 7 nèg ak zam ki tonbe nan 3 zòn sa yo ki nan komin petyon vil:
DEKO , GWO JAN AK GREFEN nan kad yon operasyon.

👉VANDREDI 29 DAWOUT 2025.

AYITI DIPLOMASI
Peyi BLAN MERIKEN di li pare pou ede peyi AYITI tout jan yo kapab nan koze sekirite, sante ak lamanjay.

ROBENSON MASSENA
Komin Kafou
LAVI FM

MESAJ:
TOUJOU SONJE, PA VOYE TI MOUN ACHTE SIGARÈT, NI FIMEN L.
PASKE FIMEN BAY GWO PWOBLÈM SANTE.

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *