Les Dernières 24 Heures, En Bref _
1- Etazini ansanm ak Panama ekzije yon Rezolisyon Nasyon Zini pou mete kanpe yon pi bon fòs pou fini ak Gang yo » net.
Nan yon reyinyon ak Konsèy Sekirite Nasyon Zini an, anbasadè Etazini yan, Dorothy Shea, te anonse ke Etazini ak Panama ta pral soumèt yon nouvo rezolisyon ki kapab kreye yon fòs espesyal pou konbat gang yo, ansanm ak yon Biwo Sipò Nasyon Zini pou bay asistans lojistik tankou dròn, gaz, ak transpò. Sa pral ranfòse misyon miltinasyonal Kenya ki deja sou teren, e ki echwe akoz twò piti efektif (mwens pase 1 000 sòlda sou 2 500) .
2- Rekritman timoun nan gang yo selon yon Rapò UNICEF montre yon ogmantasyon dramatik nan kantite timoun yo ap rekrite kòm manm gang, ki kounye ya depase 50 %. Rekritman timoun yo te ogmante de 700 % nan kòmansman 2025 konpare ak lane anvan an. Sitiyasyon an vin pi grav nan kad yon kriz imanitè kote plis pase 1.3 milyon Ayisyen deplase, ak preske 6 milyon moun ki bezwen asistans an ijans.
3- Ekspozisyon “Haiti’s Time” ap louvri 30 dawou nan Musée Fralin, nan Etazini.
Sou kote atistik la, ekspozisyon « Haiti’s Time » ap debake nan Fralin Museum of Art nan University of Virginia, kote yo pral montre plis pase 100 travay—penti, objè metal, asanble ak “drapo vaudou”—sofistike koleksyon modèn Ayisyen. Ekspozisyon sa a ap louvri piblikman 30 dawou, e se ap premye prezantasyon piblik depi koleksyon an te resevwa yon don enpòtan .
4- Taux chanj BRH: 130,62 gourdes pou 1 USD.
Bank repiblik d’Ayiti (BRH) pibliye yon to referans ki montre 1 USD ap koute 130,62 gourdes sou mache lokal la .
Jean Mary DORVIL
LAVI FM