Home / An kreyòl / Mibalè: Fèt Sen Lui Wa Frans anba bal bandi ak lapolis

Mibalè: Fèt Sen Lui Wa Frans anba bal bandi ak lapolis

Yon vil ki pran nesans depi nan ane 1700 yo, nou vle pale de Mibalè kite rele lontan bouk Sen Lwi.

Yon vil ki chita kòl nan depatman sant, ki gen ladan anpil aktivite sosyal ak ekonomik. Men, malerezman fèt la pap fete ane sa a. Kire pawas la, Pè Romèl te voye yon mesaj rekonfò pou tout fidèl katolik yo depi 10 jou.

Fèt Sen Lwi toujou reyini anpil moun. Konn gen plis ke 3 dyaz kap jwe ak anpil diaspora ki debake. Son mizik konn fè w pa konn kote pouw mete zòrèy wu.

Ane sa a, te gen anpil son depi 23 out, menm moun ki tou prè vil la pat konn kote pou yo mete kò yo. Son sa yo sete son bal, men pa bal ki fè moun danse, men son bal ki fè moun kouri, ki bay kè sote.

Viv Ansanm vle pran wozo plaza ak tout fòs kote lapolis gen baz li, sa ki lakoz yon gwo konba depi 3 jou. Bandi yo te deside fete fèt Sen Lui, men malerezman pou yo, sa pa rive posib. Ane sa a, Fèt la ap fete nan lespri chak pitit Sen Lwi ki gaye toupatou nan Wo Plato ak nan anpil lot depatman, akoz bandi kap taye banda jiska jodia nan Mibalè, men tou akoz KPT ya ak Primati ki pa pete nan koton bay peyizan yo santi. Eske pitit Sen Lui yo ap blije pran menm desizyon ak moun Solino nan Potoprens?

Uguette MOMPREMIER
Plato Santral
LAVI/ FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *