Pa Doktè Harrisson Ernest
10 desanm 2025
Nan anpil konvèsasyon sou rezo sosyal, nan radyo, nan lakou, nan mache piblik, yon fraz tounen “mantra” pou eksplike dezòd nou ap viv la : « Sosyete a fou-tèt dwat. » Men demisyon ki kache dèyè pawòl sa a plis pwofon ke sa li parèt. Se pa sèlman yon eksklamasyon emosyonèl : se yon analiz rapid, popilè, men dramatik sou yon peyi kap mache arebò yon twou san fon, san moral, san direksyon kolektif.
Kidonk, si sosyete a vrèman “fou-tèt dwat”, ki kote yon vwayaje konsa ap menen nou ? Nan ki bout listwa kap trenen nou an prale ?
- Lè dezòd vin nòmal, tout moun sibi foli kolektif la
Gen yon verite ke anpil moun pè admèt : nan Ayiti, dezòd pa yon aksidan, li tounen yon règlemantasyon enfòmèl, yon fason viv.
– Ensekirite ? “Nòmal, se konsa peyi a ye.”
– Enpinite ? “Tout moun fè sa yo vle.”
– Manti politisyen ? “Depi ti konkonm tap goumen ak berejèn, se sak kap mache ?”
– Fòs kote ? “Ou bezwen pwoteksyon pou w viv.”
Lè sa yo vin nòmal, se pa yon bann endividi ki pran move wout : se tout sistèm sosyal la ki deregle. Etik pèdi. Règleman pa sèvi. Limit pa egziste ankò. Sa ki “mal” pa tèlman mal ankò — se efikas, se pratik, se estratejik.
Lè sosyete a rive nan nivo sa a, foli a pa yon epizòd : li se nòmalite nouvo a.
- Tèt dwat la : refleks yon sosyete ki pa fè fas ak tèt li
“Fou-tèt dwat” vle di yon moun ki fou, men ki mache ak konviksyon tankou li gen rezon. Se egzakteman sa nou ap viv la : yon peyi ki pran pi move chemen an, men ki persiste tankou se sèl opòtinite li.
Nou wè l nan :
- elit ki voye moral nan mikro men ki negosye ak gang an kachèt,
- politisyen ki pale “refòm” men ki ap fè defèt,
- popilasyon ki di yo bouke ak ensekirite, men ki swete “mesye yo ret la pou kenbe yon ti lòd”,
- moun ki kriye kont koripsyon, men ki regle pwòp dosye yo “anba tab” dèske « tout moun ap fè l ».
Nou tout konnen chemen sa a mennen nan katastrof, men sosyete a kontinye avanse, tèt dwat, tankou yon machann ki konnen l ap pèdi nan negosyasyon an men ki toujou chèche fè dènye lit la.
- Lè tout moun gen rezon, okenn verite pa rete
Yon lòt siy yon sosyete ap pèdi tèt li : pa gen diferans ankò ant verite ak opinyon. Tout moun gen pwòp reyalite pa yo :
– chak gwoup gen pwòp blag politik li,
– chak sektè gen pwòp verite istorik li,
– chak lidè defini pwòp moral li,
– chak gang gen pwòp jistifikasyon li.
Rezilta ? Yon peyi kote pa gen konsansis sou anyen : sou sekirite, sou souverènte, sou eta de dwa, sou lidèchip, sou lavni timoun yo, menm sou sa ki ta vle di “nòmal”.
Yon sosyete ki pa ka dakò sou prensip minimòm pa ka bati anyen dirab. Li tounen yon chan batay entèpretasyon, kote emosyon ranplase rezon, kote konplo ranplase analiz, kote rèl ranplase solisyon.
Foli a vin sistèm nan.
- Ki kote nou prale konsa ? Nan twa chemen posib
Si nou kontinye ap mache “fou-tèt dwat”, gen sèlman twa avni posib :
PREMYE CHEMEN —
Plonje final la : Leta ki disparèt nèt
Si enpinite kontinye, si gang kontinye elaji, si elit ak politisyen kontinye rete nan kalkil pèsonèl, peyi a sou wout Somalizasyon :
– katye izole,
– milis lokal,
– ekonomi paralèl,
– eta ki egziste sèlman nan deklarasyon.
Pa gen peyi ki siviv lontan nan modèl sa a.
DEZYÈM CHEMEN — Eksplozyon sosyal : pwen san retou
Lè presyon sosyal, mizè, enjistis ak fristrasyon rive nan limit, eksplozif lan pete. Pa bezwen yon gwo lidè pou sa ; yon etensèl sifi. Epi peyi yo ki tonbe nan modèl sa a anjeneral pa refè vit.
TWAZYÈM CHEMEN — Chòk pozitif : yon rès sosyete ki retounen sou wout la
Sosyete yo konn rive nan pwen kote yo di “sifi” :
– yon mouvman sitwayen reyèl,
– yon chanjman nan rapò fòs ant gwoup ki sabote peyi a,
– yon konsansis minimòm sou valè fondamantal : lavi, jistis, sekirite, respè.
Sa mande yon chòk, yon kraze-brize nan vye pratik yo, yon konfyans nan yon moral kolektif ki depase enterè pèsonèl.
Nou poko la. Men se sèl sòti posib.
- Se pa Ayiti ki fou : se chèn aktè yo ki enstale foli a
“Fou-tèt dwat” pa vle di nou san esperans. Li vle di :
- enstitisyon yo dezentegre,
- lidè yo pa konsekan,
- sosyete a pèdi referans,
- mekanis kontwòl yo disparèt,
- moun yo adapte nan dezòd pou yo siviv.
Sa se sentòm. Sa pa maladi a. Maladi a se pèdi direksyon kolektif, yon absans pwojè sosyete.
- Yon dènye kesyon pou Ayiti : èske nou toujou kapab retounen sou wout la ?
Wi.
Men pa avèk pale, pa avèk hashtag, pa avèk moun k ap mache sou menm chemen yo depi preske 40 tan.
Retounen sou wout la mande :
- Rekonstriksyon moral an premye,
- konstwi yon nouvo konsansis sou “ki peyi nou vle”,
- reprann espas piblik la nan men ekip vyolans lan,
- refè konfyans ant moun ak ant klas yo,
- dezentegre modèl “machi-machi” a ki kraze tout valè nou yo.
Si nou pa fè sa, Ayiti ap kontinye mache tèt dwat, nan direksyon yon twou kap vin pi fon chak jou.
— Dr Harrisson Ernest,
Analist politik ak komentatè sou kesyon gouvènans, sekirite ak idantite dyaspora ayisyèn _ Espesyalis nan kesyon politik ayisyèn _
Doktè, sikyat, kominikatè sosyal ak jiris
harrisson2ernest@gmail.com · +1 781 885 4918 / +509 3401 6837





