REZIME SEMÈN LENDI 1ER POU RIVE VANDREDI 5 SEPTANM
S AK TE DI?
S AK TE FÈT?
KIYÈS KI TE DI?
KIYÈS KI TE FÈ?
KI KOTE?
KI LÈ?
🎧TOUT SAW DWE KONNEN
Ak Robenson Massena🎤
⏰ *LENDI PREMYE SEPTANM 2025.
🖥AYITI CHANJMAN KONSTITISYON
Premye Minis ALIX DIDIER te chita pale ak komisyon kap travay pou bay peyi a yon lòt konstitisyon. Chèf primati a, di li satisfè ak chanjman ki fèt yo nan pwojè sa.
🖥AYITI DYALÒG
Tèt Ansyen Senatè Nip lan, NENEL CASSY cho kou vè lanp apre ansyen chef pakè Potoprens lan te finn libere li ilegalman selon FJKL. Nenel Cassy lanse yon apèl ak tout pitit peyi a, zannana kou pengwen pou yon chita pale. Ansyen Senatè a, fè kwè jistis sosyal la pap posib san dyalòg.
⏰MADI 2 SEPTANM 2025.
🖥AYIYI DEPÒTASYON
#1
Gad kòt nan peyi blan Meriken pimpe tounen 191 Ayisyen pou pi piti nan peyi a. Moun sa yo tap tante antre nan peyi TONTON SAM nan ilegalman.
#2
DIREKSYON IMIGRASYON AK EMIGRASYON (DIE).
Gen 5 biwo yo pral ajoute nan peyi a:
ANSAVO, LAGONAV, TIGRAV, OKOTO, AK LENBE,se komin sa yo ki pral benefisye biwo sa yo.
⏰MÈKREDI 3 SEPTANM 2025.
🖥AYITI DIPLOMASI
#1
MESYE LOUINOR VOLCY prezante lèt kreyans li kòm Anbasadè AYITI* nan peyi lafrans.
#2
MESYE ROUDY STANLEY PENN.
Pou yon dezyèm fwa, li prezante lèt kreyans li kòm anbasadè Peyi DAYITI Nan TAÏWAN.
🖥AYITI DEPÒTASYON.
Otorite nan REPIBLIK DOMINIKÈN voye tounen 459 konpatriyòt, aprè yo ta pase plizyè jou ap sibi move tretman anba men ajan dominiken yo, selon temwanyaj yo.
🖥AYITI POLITIK
Selon JOUNALIS LOUCO DESIR, Prezidan KPT a,
MESYE LAURENT ST CYR, di li pap òganize konsèy Minis yo ak Premye Minis ki la.
Jounalis la ale pi lwen pou l di ke Prezidan konsèy la pa fè PM nan konfyans.
Rezon an, se paske Didier Fils-Aimé twò alèz ak ti mesye Viv Ansanm yo.
Gen rimè ki ta fè kwè se Ansyen Premye Minis JOSEPH JOUTE Kap chofe pou vin Nouvo Premye Minis peyi a.
🖥AYITI ESPÒ
NAOMI OSAKA Ki gen orijin Ayisyen, fè yon gwo viktwa sou KAROLINA MUCHOVA Nan Arthur Ashe Stadium nan. Viktwa sa a fè l kalifye pou demi final.
⏰JEDI 4 SEPTANM 2025
🖥AYITI SIKILASYON
Meri vil okap la, entèdi moto 3 wou sikile nan sant vil la.
Gen gwo sanksyon ak amand ki rezève pou Sitwayen ki pa obeyi ak prensip sa.
🖥DENONSIYASYON
REGINALD BOULOS di si yo kontinye kenbe l nan prizon, li prè pou l denonse tout moun kite avè l.
San li pa mansyone nan ki sa moun li swete denonse yo te ye ak li.
🖥AYITI TRAFIK ZAM
JEAN PHILIPPE BRUN Ki se prezidan ak direktè konpayi Telefòn Dijisèl la, tal reponn kesyon Jij MASSILLON PIERRE LOUIS Nan ankèt lajistis ap mennen sou koze Zam legliz episkopal la.
⏰VANDREDI 5 SEPTANM 2025.
🖥AYITI POLITIK
#1
Selon yon sous LAVI FM ka fè konfyans, Ekip politik Ansyen Prezidan MICHEL MATELI ap prepare yo, pou yo anonse kandida MATELI pou pòs Prezidan nan eleksyon ki gen pou vini yo.
#2
Nouvo Katèl Majistra vil Okap la ofisyèlman rive prete sèman.
Katèl ls konpoze konsa:
ANGIE BELL PREZIDAN.
PATRICK ALMONOR MANB.
ISAACK PIERRE LOUIS MANB.
🖥AYITI ESPÒ
ELiminatwa mondyal 2026,
GRENADYE YO sove yon match nil anfas ekip HONDURAS LA .
Yon match ki fini ak yon eskò vyèj.
FAFA Jwè Ayisyen k ap jwe nan *INTER DE MIAMI te soti tou blese nan match la. N ap retann poun konnen eske l ap ka jwe pwochen match la ak GRENADYE YO.
REDAKSYON AK PREPARASYON:
JOUNALIS ROBENSON MASSENA.
YON TI KONSÈY POU WEEK-END LAN :
DANSE ANBA YON SÈL TONÈL, POU LÈ CHAPO W TONBE POU KONN KOTE POU RANMASE L.