Depi aprè atak bandi kanaran yo ak 400 mawozo sou vil sodo nan fen mwa mas 2025 lan kote popilasyon te kouri al pran refij nan latibonit ak nan vil ench, Sodo toujou rete anba kontwol bandi taliban/mawozo yo malgre tout efò ak tantativ lapolis te fè pou te chase yo.
Popilasyon an ki abandone pou kont yo oblije retounen lakay yo pou yo vinn kontinye viv malgre bandi yo toujou okipe vil la. Soti lendi 30 jen pou rive vandredi 4 jiyè a, anpil moun ki te twouve yo nan vil ench retounen lakay yo pa pil e pa paket paske yo pèdi lespwa nan leta a. Sa ta vle di ke popilasyon Sodo a reziye yo viv ansanm ak bandi yo. Eske sa ta yon fom lapè oubyen adaptasyon?
Bandi ak zam yo ki santi yo konfòtab avek retou an mas popilasyon an ap mache chache kou chen fou pwofesè lekol ak enfimyè zonn nan pou fè yo retounen pou vin goute nan eksperyans viv ansanm ak yo a. Eske sa ta vle di ke bandi yo konprann enpotans pwofesè lekol ak enfimyè?
Nap raple 16 jiyè se fèt » Notre Dame Mont Carmel », yon fët popilasyon nan divès kwen nan peyi ya toujou vin patisipe nan Sodo. Eske se nan optik sa a, bandi ak zam yo komanse fasilite ale vini fet ant sodo ak potoprens? Nan ki enterè yo relouvri wout titanyen ki mennen sodo a? Pouki yo pèmet sikilasyon rekomsnse fet nan twonson wout sa a? Yon dosye sal nouvel LAVI FM ap swiv!
Uguette MOMPREMIER
Lavi FM