Home / Haiti / Société / PNH – Nòdwès : Lapolis sezi yon sak bal, yon chajè M4 ak 2 fizi gwo kalib nan Tikwa

PNH – Nòdwès : Lapolis sezi yon sak bal, yon chajè M4 ak 2 fizi gwo kalib nan Tikwa

Tikwa / Nòdwès, 25 janvye 2026 —

Lapolis nan depatman Nòdwès la anonse li reyalize yon gwo kou nan lokalite Tikwa, dimanch 25 janvye, kote li sezi plizyè materyèl, zam ak minisyon pandan yon operasyon.

Nan yon konferans pou laprès, pòt pawòl Direksyon Depatmantal Lapolis Nòdwès la fè konnen fòs lòd yo mete men sou yon sak bal, yon chajè M4, ansanm ak de (2) fizi gwo kalib, ki se yon fizi kalib 12 ak yon fizi M4.

Dapre enfòmasyon lapolis pataje, nan sak bal la yo jwenn :

  • 104 katouch kalib 12
  • 39 katouch kalib 5.56
  • 2 bal zam kalib 32
  • 4 bal kalib 2.65

Lapolis konfime tou yo rive arete de (2) jenn gason nan kad dosye sa a. idantite yo se :

  • Fedner Meronne, 34 lane, moun Seluidino
  • Altenor Wisben, 36 lane, moun Podepè

Otorite polisye yo fè konnen ankèt la ap kontinye pou idantifye lòt moun ki ta kapab enplike nan rezo sa a, epi pou detèmine kote zam ak minisyon sa yo soti.

Pòtpawòl la t ap pale nan mikwo Jimmisson Deshommes, jounalis LAVI FM.

— Redaksyon LAVI FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *