Home / À la une / Mibalè, 25 dawout 2025

Mibalè, 25 dawout 2025

Mibalè, 25 dawout 2025

Regroupement des Organisations pour le Retour et la Réparation des Déplacés du Centre/ RORRD-CENTRE ( Mirebalais et Saut d’Eau)

Mibalè, Sodo ak rès peyi a kote konpatriyòt Haytien ap viv , dwe viv tankou moun .-

An nou, yon lòt fwa nan listwa peyi sa a , fè respekte dwa nou genyen pou nou viv tankou moun; an nou pran desten an men ; an reveye nou.

Pawòl la di nan lang Franse a : » Diriger , c’est prévoir ». Kisa vle di ? Kisa nou fè ak pawòl sa a pa bò isit ?

Tout moun ki gen entansyon vin dirije,

tout moun kap patisipe nan mete moun pou vin dirije,

tout moun kap dirije, dwe yon moun oubyen yon gwoup moun ki ekilibre nan tout nivo epi ki dwe aksepte mete moun ki konnen bò kote li/ yo.

Moun si la yo , dwe genyen gwo vizyon, anplis kapasite entelektyèl yo dwe genyen.

Sepandan, yo dwe se moun tou, ki renmen ak respekte moun , ki renmen lakay yo , vil ak peyi yo ( patriyòt ) ;

yo dwe moun ki pran distans ak sa ki gen pou wè, ak :
kòripsyon ,
vyolasyon dwa moun, zewo tounen 9 ( dwèt long siperyè) .

Menm jan ak moun yap/ yo vle dirije yo , yo dwe koupe fache pou tout bon ak : zanmitay , patipri, klan, patizànri sitou , nan sa ki gen pou wè ak jesyon choz piblik, defann enterè mesken.

An nou tounen ak fraz fransè nou te site nan kòmansman ekspoze nou pou jodi a kise , « Diriger , c’est prévoir » ;

Yon bon lidè oubyen yon dirijan, dwe kiltive kalite nou sot site la yo nan tèks la, pou yon pi bon rezilta nan enterè majorite a menmsi, yo pa bezwen fòseman dakò ak tout bon desizyon nou pran nan kòmansman aksyon nap poze yo .

Nan kad refleksyon ak analiz nou yo , nou rive konprann pou 31 mas 2025 pa janm rive repete nan listwa nou kòm moun ki avize , nou dwe kapab ede pipiti yo aprann koupe fache (divòse) ak medyokrite,
sitirans, solidarite nan mal , diskriminasyon nan zafè jenerasyon pam nan te pi bon ke pa w la , relijyon , sèks , koulè , fanm/ gason andeyò ak gason/ fanm nan vil , nan zafè klas ak ran sosyal;

Prejije sa yo mete hèn nan kè nou, kont youn lòt pou gran mèsi.

Moman an rive pou nou konsidere yon moun, sou sa li ye ak li ka fè, li konn fè ki bon pou zòn li .

Nou konprann deja, batay la pral pirèd pou nou menm, kise moun Mibalè ak Sodo, ki viktim dirèk oubyen endirèk anba men manb gang viv ansanm yo , lè nou va deside ansanm, nan lojik mete moun kapab fè sa yo ka fè ak sa konn fè men , sa pa sa yo ta renmen fè ; konsa , nap rive fòse otorite Leta yo, ba nou sekirite pou finalman, nou tounen vin viv lakay nou an tout sekirite.

Se pou tèt sa, nan lojik pawòl ki di :  » Diriger , c’est prévoir,  » nou menm , manb  » Regroupement des Organisations pour le Retour et la Réparation des Déplacés du Centre/ RORRD-CENTRE ( Mirebalais et Saut d’Eau) », pap sispann poze bon jan aksyon nan enterè majorite a ak fè pledwaye pou rive ranfòse ak rann reprezantatif
zouti Sosyal- òganizasyonèl si la a, nan lide pou li vin gen plis reprezantan òganizasyon ki sòti, nan Sodo Mibalè ak nan tout lòt zòn kap fè fas au menm pwoblèm si la a . Konsa ansanm, batay pou fè respekte dwa moun nan yon gwo zouti òganizasyonèl, va tounen yon reyalite tout deplase.

Se pou tèt sa , nou pwopoze pou asanble Jeneral Regwoupman òganizasyon yo , reyini san pèdi tan pou rive reflechi, poze , analize, chache ak egzije konsène yo rezoud pwoblèm deplase yo akoutèm , mwayen ak lontèm.

Pou fasilite travay la ak bay popilasyon an yon ide sou sa kap fè yo , nou pwopoze asanble a, prese prese pou li monte 11 komisyon, repati tach yo epi bay yo atribisyon yo
pou yo ka rive, panche anmèm tan , byen ak vit sou mòd akonpayman, retou moun yo ak Reparasyon deplase yo dwe jwenn .

Men lis 11 Komisyon si la yo, ki pwopoze yo :

1- Komisyon Mobilizasyon, Sanbilizasyon ak Kominikasyon ki dwe gen, reprezantan ( Lameri, KASEK, ASEK ak responsab chak òganizasyon yo ; )

2- Komisyon Netwayaj, Asenisman ak Sante ki dwe gen, reprezantan ( Lameri, KASEK, ASEK , MSPP, Zanmi Lasante, Kwa Wouj , Eskoutak, JA, sosyete sivil angaje a ; )

3- Komisyon Sekirite ak Jistis ki dwe gen, reprezantan(Lameri , KASEK , ASEK, Delegasyon/ Vis , Lapolis , Lajistis, OPC , sosyete sivil aktif la ak reprezantan Brigad yo ; )

4- Komisyon Sosyal , lojistik ak Imanitè ki dwe gen, reprezantan ( Lameri, KASEK , ASEK, Pwoteksyon sivil, Lapolis ak òganizasyon sosyete sivil angaje a ; )

5- Komisyon kap regle afè espirityèl, mistik ak memwa ki dwe gen, reprezantan ( Legliz Pwotestan , Katolig …, Vodou, Fran mason, Antropososyològ, Ekriven , òganizasyon ki yo nan sosyete sivil aktif la ak tout lòt konsène nan domèn …;)

6- Komisyon Edikasyon ak aktivite Kiltirèl
ki, dwe gen reprezantan ( Lameri , KASEK, ASEK, MENFP, òganizasyon kap travay nan domèn edikasyon, animatè Sosyal ak sipkososyològ ; )

7- Komisyon memwa , redisyon kont ak Jistis ki, dwe gen reprezantan ( Òganizasyon kap defann dwa moun, OPC ak lòt òganizasyon ki yo nan sosyete sivil angaje la, Bawo lòd Avoka yo; )

8- Komisyon Gratifikasyon / Kongratilasyon ak Rekonsilyasyon kominal, entèkominal, dwe gen reprezantan ( Lameri KASEK, ASEK, Òganizasyon ak Komisyon yo ; )

9- Komisyon Politik ak Syantifik ki, dwe gen reprezantan ( òganizasyon politik ak Sosyal yo, politològ ak klas enteleksyèl pi wo grade a nan plizyè domèn , si la yo ki gen yon kilti jeneral, priyoritè; )

10- Komisyon Jistis ak Reparasyon ki, dwe gen reprezantan ( Òganizasyon kap defann dwa moun, lòt òganizasyon ki yo nan sosyete sivil angaje la ak Bawo lòd Avoka yo; )

11- Komisyon Reskonstwiksyon ak finans ki, dwe gen reprezantan ( Lameri,KASEK , ASEK, espesyalis nan domèn konstwiksyon ak finans , ibanis, lòt òganizasyon ki yo nan sosyete sivil aktif la. )

Nou pa gen pretansyon tout sa nou di la a pafè, tout lòt moun ki entèrese ak travay la, kapab bay, dizon yo ak fè lòt pwopozisyon, si posib; nou garanti yo , nap panche sou yo ak anpil enterè.

Pawòl Granmoun Haytien/PGH

www.pawolgranmounhaytien.com

Me Robenson MAZARIN,Av. & Éducateur, Coordonnateur Général du Mouvement des Citoyens Engagés du Centre / MOCEC, l’un des Portes-Parole de la Société Civile de Mirebalais et Saut d’Eau.

Pou tout enfòmasyon an plis , nou kontakte nou whatsap, sou :
+50933540665 / 36394869

Ak
Regroupement des Organisations pour le Retour et la Réparation des Déplacés du Centre/ RORRD-CENTRE ( Mirebalais et Saut d’Eau), nap tounen lakay nou paske pwojè sa a pa nan eksklizon; tout moun ladanl.

Pibliye : 29 dawout 2025

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *