Home / LES DERNIÈRES 24 HEURES - EN BREF / MARDI 9 SEPTEMBER 2025

MARDI 9 SEPTEMBER 2025

LES DERNIÈRES 24 HEURES EN BREF

🖥1. Apèl ijan nan nivo entènasyonal la pou misyon sekirite an Ayiti
Prezidan Kenya William Ruto ak Premye minis Barbade Mia Mottley mande Konsèy Sekirite Nasyonzini pou pran mezi “ijans” pou defini lavni Misyon Multinasyonal Sipò pou Sekirite (MMSS) an Ayiti, ki ap ekspire nan mwa oktòb 2025 .

🖥2. DEY NAN FAHD AK Lanmò Kolonèl J. Jacques Thomas
Kolonèl Joseph Jacques Thomas, ki te Sekretè nan Eta-Major Jeneral FAd’H, mouri jou 6 septanm 2025 ak yon kansè. Li te gen 70 zan .

🖥3. Apre-Lekòl: Rekonstwiksyon ijan nan Lycée Louis Joseph Janvier
Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) deside finanse reyabilitasyon an ijans Lycée Louis Joseph Janvier nan Jean Rabel. Se ak yon envestisman 10 milyon goud travay sa yo pral kapab fèt: tòl, penti, eskalye, fenèt, pòt, mi ak baryè, tout materyel sa yo pral disponib pou pase men sa a rive posib.

🖥4 .*Lansman pwosesis koreksyon egzamen rekritman ajan dwanye yo
Koreksyon kopi egzamen kandida pou rekritman ajan nan sistèm dwan Ayisyen yo kòmanse lendi 8 septanm 2025 .

🖥5.Enfrastrikti
Inivèsitè yo nan
Campus Henry Christophe nan Limonade ap soufri anpil akòz enstalasyon yo ki fin degrade. FNE, atravè direktè jeneral li Sterline Civil, vizite lokal la e li pran mezi pou evalye domaj ak planifye sipò dirab pou elèv yo .

🖥6. * Pozisyon KPT ya sou Kolaborasyon Bresil ak Ayiti*
Nan okazyon 203 èm anivèsè endepandans Brezil, Konsèy Prezidansyèl Tranzysyon an voye mesaj pou felisite peyi Brésil, epi remèsye li pou sipòl nan efò entènasyonal la pou etabli sekirite ak estabilite nan Peyi Ayiti .

🖥 8- Ensekirite
Selon enfomasyon yo, gen2 dwon eksplozif ki ta tonbe anba lavil la, espesyalman vilaj de Dieu. Plis detay ap vini nan pwochen jounal LAVI FM

                                                                                                                       Jean Mary DORVIL .                                                                                                                                                                                      Lavi FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *