Home / LES DERNIÈRES 24 HEURES - EN BREF / MARDI 2 SEPTEMBRE 2025

MARDI 2 SEPTEMBRE 2025

-LES DERNIÈRES 24 HEURES EN BREF-

👉 2 blinde chavire: 2 moun mouri, 8 polisye kenya blese
Sa pase dimanch swa nan zòn peleren, yon blinde ki tap rale yon lot blende ki te anpan sou wout Kenskof la. Aksidan sa a lakoz 2 moun mouri (yon polisye kenya ak yon sivil), epi 8 polisye kenya blese e 3 ladan yo grav anpil selon enfomasyon yo. Yo te transfere yo rapidman Sendoneng pou swen medikal .

👉Efò mond lan pou ranfòse misyon sekirite yan an Ayiti
Etazini ansanm ak Panama te soumèt yon rezolisyon nan Konsèy Sekirite Nasyonzini pou mete anplas yon nouvo fòs kap rele: « Gang Suppression Force »—yon fòs miltinasyonal pou konbat gwoup gang yo. Yo vle kreye tou yon Biwo Sipò Nasyonzini pou lojistik (dron, gaz, transpò) e konsa amelyore kapasite pou reprann kontwòl zòn gang yo okipe yo.
Sekretè Jeneral LONI yan, António Guterres, te lanse yon apèl an ijans pou plis finansman pou sipòte misyon imanitè Ayiti ya— w li pwofite raple ke se sèlman yon ti pati nan $908 milyon yo bezwen yan ki jwenn jiska jodia .
MSS (Multinational Security Support)—ki te nòmalman dwe gen 2 500 ajan—pa rive atenn objektif la. Nouvo fòs lan ta dwe gen jiska 5 500 solda ak kontribisyon ki sòti nan plizyè peyi (Kenya, Guatemala, El Salvador, Jamayik, Bahamas, Kanada, Etazini) .

👉Fòs militè prive Vectus Global deplwaye.
Fòs militè prive ki konekte ak fondatè Blackwater ya, Erik Prince, Vectus Global, ap voye prèske 200 miltèl an Ayiti pou ede gouvenman kont gang yo ak pou rekipere zòn pèdi yo. Yapgenyen pou ede ranmase taks ak jere konfli .

                                                                                                                                       Jean Mary DORVIL                                                                                                                                                                                     Depatman Lwes

Lavi FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *