Home / An kreyòl / Jean Charles Moïse: Revolisyonè an Pawòl oubyen Opòtinis an Aksyon?

Jean Charles Moïse: Revolisyonè an Pawòl oubyen Opòtinis an Aksyon?

Depi kèk tan, Jean Charles Moïse tounen youn nan figi politik ki pa janm sispann fè pale de li. Li mete tèt li kòm defansè pèp la, kòm eritaj vivan Dessalines, epi li sèvi ak pawòl cho pou fè bri nan medya, nan lari, ak sou rezo sosyo. Men, plis nou gade, se plis nap mande: èske se yon vrè lit pou liberasyon lap mennen? Oswa, eske se yon estrateji byen kalkile pou l kenbe tèt li vizib, ak pou l ka rete yon pyon enpòtan nan jwèt politik la? Eske se pa santi l santi kabinè ministeryèl pral chanje, li oblije mete grif li deyò pou yo ka sonje l oubyen pa retire minis agrikilti li a? Ki vrè rezon soti li fè yè lendi 18 out la?

Jean Charles Moïse pa yon etranje nan sistèm lan. Li soti nan mouvman Lavalas, li pase nan eleksyon, li fonde pati pa li, epi li toujou parèt kòm opozan « radikal ». Men anpil fwa, nou wè ke pawòl li yo pa mache ak aksyon li. Lè li monte presyon, lè li lanse menas, se souvan pa pou chanje sistèm lan, men pou l negosye plas li ak pos pou moun pal. Gen moun ki di lap « chèche manje » pa mwayen presyon olye vòl, men rezilta a se menm bagay la: pèp la pa wè okenn benefis konkrè.

Nan tout kriz politik yo, Jean Charles Moïse toujou sezi opòtinite pou mete tèt li devan. Li pa janm rate yon kamera, li pa janm pè lanse pawòl dife. Men, pandan lap mete limyè sou tèt li, lavi pèp la kontinye vin pi mal. Jiskaprezan, nou poko wè yon chanjman fondamantal li pote pou mas yo, ni yon pozisyon li pran ki chita sou prensip klè, san avantaj pèsonèl. Se toujou negosyasyon anba tab.

Jean Charles Moïse kapab parèt tankou yon vwa rebèl, men jan reyalite ya ap montre l, li pi souvan sèvi ak imaj sa a pou rete enpòtan nan jaden politik la. Vrè lidè pèp pa sèvi ak pèp kòm zouti presyon. Pi souvan, se politisyen klasik ki mete tèt yo anwo, pandan yap di yo vle pwogrè mas yo. Ayiti pa bezwen plis pale anpil, li bezwen aksyon — aksyon ki pa fèt pou benefis yon grennn moun, men pou delivrans yon pèp.

Li lè li tan pou pèp la sispann kite moun ap ba yo kaka poul pou ze. Li lè li tan pou pèp la sispann ap pran ti grenn pwason nan men rat politik, poutan yo te ka al peche ak pwòp nas yo san se pa ni nan vòlò, ni nan bay presyon. Pèp sa a pran twòp kou pou l poko montre li konprann jwèt la.

Èske se nou sèlman kòm pèp ki konn grangou? Èske se nou sèlman kom pèp, grangou fè bliye vit? Antouka pèp ayisyen, louvri je nou, pou pita pa pi tris toujou.

Jean Mary DORVIL

Département de l’Ouest

LAVI FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *