Gwo lapli ki tonbe sou potoprens dimanch 13 jiyè 2025 la pwovoke gwo inondasyon nan petyonvil, juvenat, kanapevè ak nan divès lòt zòn.
Nan antre otel karibe anpil moun te kapab konstate gwo dlo sal ranpli, labou, fatra anvayi tout zon Juvenat a, kote li te difisil pou moun te sikile. Anpil moun te konstate yon seri machin ki kouvri avek dlo sal, fatra.
Sitiyasyon sa pat selman poze pwoblèm estetik nan zon nan, men li te mete lavi moun andanje, e li reprezante yon pwoblèm jesyon ak gouvènans nan komin nan.
Antre nan otel karibe ayè dimanch 13 jiyè 2025 la te difisil anpil akoz pil dlo sal ak fatra te inonde katye Juvenat ki se youn nan zon ki gen anpil gwo bizniz Anpil sitwayen nan Juvenat fè remake se koz kanal yo ki bouche e otorite nan komin nan pa janm pran bonjan dispozisyon pou netwaye kanal ak ravinn yo.
Inondasyon sa dwe touche konsyans moun nan kominote a épi pèmet yo pran konsyans sou fason yo dwe jere fatra yo ak lot debri pou évite zon yo kontinye inonde.
Li nesesè pou gen yon tèt ansanm nan mitan sitwayen yo ak otorite yo pou netwaye vil la e pwoteje anviwonman an nan lide pou byen jere sekirite popilasyon an.