Fòlibète, youn nan pi ansyen vil nan Karayib la, fonde nan lane 1578. Se kolon espanyol yo ki te bati vil si la. Yo te rele li Pò Real.
Pandan peryod peyi lafrans tap dirije koloni Saint Domingue lan, fransè yo te chanje non vil la, yo te vin rele li Fò Dauphin, jis pou rive nan lane 1804.
Aprè Ayiti fin jwenn endepandans li, otorite nan epok la pran desizyon rele li Fò libète, an lonè pep ayisyen an.
Fòlibète se chèf lye depatman Nòdès la, li se an menm tan kapital administratif depatman an.
Li se yon vil kotyè. Depiw antre nan vil la tou prè plas la, ou kapab remake lanmè a avek kanno yo.
Moun kap viv nan vil Fòlibète pratike la pèch, e yo te konn kiltive pit anpil.
Kom kapital administratif depatman, se ladan nou jwenn tout direksyon depatmantal yo tankou Lapolis, ministè lajistis, ministè komès, travo piblik, finans, DGI, lakou dè kont, biwo pwoteksyon sivil, pou nou site sa yo selman.
Nan antre vil la nou jwen la meri, komisarya a, ak biwo DGI.
Kontrèman ak tout gran vil yo, nou pa remake prezans okenn sikisal bank komèsyal yo nan Fòlibète, se selman kek koperativ ak kès popilè tout moun ka remake klèman.
Si yon moun vlè fè yon tranzaksyon labank, li dwe rann li wanament ou byen okap pou li pran sèvis si la.
Sal nouvel LAVI FM nan, ap siyale ke Fòlibète se yon dyosèz legliz katolik. Se Monseigneur Quesnel Alphonse ki se evek vil la. Biwo li nan évêché a.
Gen anpil lekol piblik tankou privé ki la pou fome pitit vil la ak lot timoun ki soti nan lot rejyon nan depatman an.
Tout bagay nan vil la fonksyone san pwoblem. Se yonn nan ra vil Ayiti, ou pa tande skandal fasil. Otorite lokal yo tet fret, menm jan ak popilasyon an. Ou kwè kek fwa, yo pa menm bliye ekzistans Repiblik Potoprens?
Uguette MOMPREMIER
Nord-Est
Lavi FM