Home / Haïti / Politique / Fèt Sen Jan Batis ak Fèt Tijan

Fèt Sen Jan Batis ak Fèt Tijan

Selon Kwayans anpil ayisyen, fèt Sen yo se mwayen pou kretyen katolik yo lapriyè, fè demand, debloke tèt yo, epi bay remèsiman ak Bondye, ak lespri yo.
Nan kwayans popilè a, 24 jen se jou fèt chanpèt yo kòmanse (pral gen yon fèt chak jou). Anpil pèleren ap gen pou deplase pou patisipe nan fèt yo. 24 jen an tou, se moman pou mason loj yo fete Sen Jan Batis, sen patwon yo.
Komin Otwou (Trou du Nord) ki se premye komin nan depatman Nòdès si wap soti nan Nò ou byen plato Santral. Li gen pou sen patwon Sen Jan. Nan kominsila, popilasyon an pa janm rate okazyon pou fete Sen Jan. Anpil peleren toujou soti divès kote pou vinn patisipe nan fet sila ki se okazyon pou yo fè demand, epi bay remèsiman.
Fèt Sen Jan, se yon fèt ki mele avek anpik senkretis kote kretyen katolik ap fete Sen Jan, vodouyizan yo ap fete tijan, e mason loj yo ap boule bwa Sen Jan nan tout loj nan peyi a.
Fèt Sen Jean-Baptiste ak Fèt Ti Jan, se yon melanj anpil kilti san parey, moun ap mache sou moun, anpil kretyen menm jan ak vodouyizan fè deplasman pou selebre jou sa. Sa ki pral legliz, sa ki pral anba pon pou al benyen, swa pou yo jwen chans oubyen pou fè yon tretman e gen lot ki benyen nan labou. Fanm yo abiye ak wòb karabela e gason abiye ak chemiz karabela ak pantalon ble.
Gen lòt kategori moun se nan bal ak nan kafe yo ale pou pran plezi yo. Malgre tout ale vini sa yo, vòlè yo toujou prezan pou fè aktivite pa yo.
Twou di nò, depi samdi 21 jen an fèt la te komanse akeyi vizitè yo, men popilasyon ap te fè fas ak gwo difikilte kote yo pat kapab jwen pwodwi alimantè tankou farin, diri ak vyan poul. Li enpotan poun siyale ke tout monte desann sa yo te fèt nan lese frape ak plizyè pil fatra ki pat rate envitasyon pa yo pou fet la.
Uguette MOMPREMYE
Lavi FM/ Nòdès

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *