Home / Environnement / « Cap-Haïtien »: Destinasyon Fatra, Yonn Nan Gwo Siksè KPT Ya..-

« Cap-Haïtien »: Destinasyon Fatra, Yonn Nan Gwo Siksè KPT Ya..-

Si « Cap-Haïtien » te yonn nan vil referans Ayiti yo lontan pou jan li te bel, li te pwop, foul ak sekirite, jounen jodi a li fè fas ak anpil pwoblem moun pil sou pil, fatra, plis ensekirite.

Rich avek anpil istwa, makonnen ak literati, Cap-Haïtien se 2ème Vil Peyi Dayiti. Li nan depatman Nò, li charye plizyè sit istorik ki trenen dèyè yo anpil mit ki mete an valè yon zòn tankou abitasyon Breda, lokalite kote Toussaint Louverture te pran nesans, ak Vètyè, lokalite kote dènye batay zansèt nou yo te fè pou libere tèt yo anba lesklavaj, nan dat 18 novanm 1803.

Pou rekonet yon nèg okap, oubyen yon fanm okap, li pa difisil. Nan fason yo pale ak koulè po anpil ladan yo, ou kapab souvan idantifye yo. Kay Cap-Haïtien yo toujou kenbe achitekti kolonyal yo, épi ri yo idantifye avek chif oubyen lèt.

Nan tan lontan kap ayisyen te pote non « vil pwop ». Tan ale, tan tounen! Jenerasyon pase, Jenerasyon vini, figi vil la vinn dekonstonbre e depase ak kantite moun kap viv ladanl depi kek tan. Moun soti nan tout seksyon kominal, nan plizyè vil akote yo, ak nan lot depatman pou vinn viv nan site Henry Christophe la. Akote sa yo, klima ensekirite Peyi Dayiti, se yon lot faktè ki fose anpil moun kite potoprens, mibalè, sodo, tirivyè, pou site sa yo selman, vini gonfle nan « Cap-Haïtien ». Fenomèn sa a lakoz moun ap viv pil sou pil, e memm neg KPT yo ak Gouvenman Fils-Aimé ya fè baz yo la pou gaspiye lajan leta a. Presyon migratwa entènn Vil Cap-Haïtien ap sibi ya lakoz moun yo komanse konstwi pil sou pil nan tout tèt mòn yo. Bezwen sosyal yo ak konsomasyon ogmante, fatra anvayi. Si otorite santral ap kalbende, Otorite lokal memm ,yo soud, yo aveg!

Li enpotan pou siyale ke nan « Cap-Haïtien », anyen paka rivalize biznis fatra a ki tounen youn nan pi gwo richès Vil la, e ki chanje non li an « CAP-FATRAS ». Rete selman pou 9 manm KPT yo ak chef gouvenman an imòtalize siksè sa a ak yon arete pou ofisyalize nouvo non Cap-Haïtien yan:  » Cap-Fatras »

Nan tout ti kwen: devan kay, dèyè kay, nan tout mache piblik, fatra tounen po flè pou dekore vil la. Anpil kote nan mache yo, machann itilize fatra tankou galri pou layite komès yo. Anpil kote nan vil la toujou tou nwè akoz fatra ki pa janm pap boule. Yon pratik ki petet deja gen gwo konsekans sou sante popilasyon an, paske fatra yo gen anpil sibstans toksik ladan yo, san konte efè boule fatra a genyen direkteman sou poumon moun yo.

Se pa selman pwoblem moun pil sou pil ak fatra okap ap fè fas. Seriz sou gato a, se fenomèn ensekirite ya, yon lot gwo tèt chaje kap enstale li piti piti nan Vil la. Sikile nan vil la nan lannwit bay anpil laperèz akoz gen anpil neg ak zam kap simen latwoublay. Yo menm retire lavi moun pou dangriyen.
Si yon moun gen yon pwoblem ak wu okap, si sa pa two grav poul fè voye tirew oubyen al kay bòkò pou wu, li ka baw chans lan, li jis peye yon moun al depoze yon pil fatra devan lakay wu. Kek met biznis antre nan ak fòs nanpratik sa tou, peye moun al mete fatra devan biznis konkiran yo.

Cap-Haïtien, Cap-Fatras, ap tann batèm li nan men Fritz Alphonse Jean, Vertilaire Emmanuel ak Smith Augustin, 3 moun nan Nò sou 9 pa itil, kap cheche desantralize ensekirite Potoprens lan ak tout fòs pou ede Cap-Haïtien jwenn men sol pal la. Eske yap reyisi denye kou sa a anvan 7 fevriye 2026? Yon dosye Sal nouvel LAVI FM nan ap swiv ak anpil atansyon.

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *