Home / Économie / Biyè 10 Goud Ayisyen: Konfizyon Ak Tansyon Sou Silans BRH.

Biyè 10 Goud Ayisyen: Konfizyon Ak Tansyon Sou Silans BRH.

Anpil kote nan peyi a gen gwo diskisyon kap fèt sou pyès monnen yo. Aprè disparisyon senk kob, diskob, pyès degouden, adoken ak goud; koulye a, anpil moun refize itilize biyè 10 goud yo nan echanj komèsyal yo.
Pendant popilasyon ap fè diskisyon kont itilizasyon pyès monnen sa yo, Bank santral (BRH) pa sispann enprime lajan sa yo pou mete yo an sikilasyon.
Chak jou ki pase itilizasyon pyès monnen sa a koz gwo pwoblem nan mitan machann ak achtè, ou ant chofè ak pasajè. Fenomèn sa a pa selman repete nan kapital la, anpil moun konstate li nan vil pwovens yo tou.
Nan depatman Nò ak Nòdès, itilizasyon biyè 10 goud yo bay anpil pwoblèm kote machann ak achtè, chofè taksi moto ak pasajè toujou nan gwo lésé frape.
Pami tout pyès monnen ki itilize nan peyi a, se selman papye 10 goud la, ki gen efiji Sanite Belair sou li, yon fanm ki te goumen nan batay pou endepandans Ayiti.
Yon ekspè nan zafè finans fè kinen ke lavi chè kap brase bil peyi ya, gen rapò direk tou ak refi itilizasyon lajan monnen yo, ki se baz ekonomi an. Li pa ezite ajoute ke nan tout peyi sou latè, se selman an Ayiti popilasyon an refize itilize santim yo ki fè pati lajan peyi a.
Kesyon Sal Nouvel Lavi Fm ap poze: eske se pa inyorans popilasyonan konpote li konsa? Nan yon ka konsa, ki wòl Bank Repiblik Dayiti (BRH) ki plase anba lobedyans Ministè ekonomi ak finans? Eske li pagen obligasyon montre popilasyon an enpòtans lajan sa yo nan ekonomi peyi a?
Nan enterè Ayiti, li enpotan ke sosyete ya mobilize pou fose Enstans konsene yo konprann nesesite pou yo pran bon jan dispozisyon pou pèmèt prese prese pyès monnen sa yo retounen sikile andan sistem ekonomik peyi ya!
Uguette MOMPREMIER
Lavi FM
Depatman Nodès

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *