Biznisman Laurent Saint-Cyr, kite reprezante sektè prive ya nan HCT ya bo kote Madan Manigat, enstale jedi 7 Dawout 2025 lan nan tèt Konsey Prezidansyel Tranzisyon an, anba anpil sispens. Anpil pawol te pale. Anpil bagay te anonse. Men, san sipriz, Laurent Saint-Cyr vini 4ème moun ki okipe fonksyon Kodonatè KPT sa a, ki la depi 15 mwa.
Om dafè ya, rive nan tèt peyi ya kote ensekirite melanje ak lavi chè ap taye banda red chech, epi maltrete popilasyon an; san konte bandi viv ansanm yo ki kontinye pran plis teritwa chak jou.
Depi enstalasyon KPT ya nan mwa avril 2024 la, sitiyasyon popilasyon an vinn pi konplike akoz bandi yo vin paret pi pwisan.
Kek èd tan avan enstalasyon Laurent Saint-Cyr nan tet peyi a, chef viv ansanm nan, Jimmy Cherizier, ki te abiye ak inifom lagè, ta pral deklare nan yon videyo ki tap sikile sou rezo sosyo yo ke yo pral anvayi delma 32, 34, 40 B ak 48. Bri te kouri, nouvel te gaye. Malgre sa, enstalasyon an fèt san twop pwoblem, apa batay kite eklate deyo primati ya ant yon gwoup militan kap mande sekirite ak yon gwoup militan Laurent Saint-Cyr te mete nan lari ak yon pil foto nan men yo, pami yo Ti Youri. Nan menm moman an, neg ak gwo zam nan yon Toyota zo reken touye 2 jen gason nan delma 49.
Nan diskou enstalasyon li, nouvo kodonatè KPT ya, Laurent Saint-Cyr, pwomet li pral konbat fenomèn ensekirite ya, kreye klima pou oganize referandom ak eleksyon nan tout peyi ya, epi relanse ekonomi yan, pandan plizyè milye moun kontinye ap kouri kite lakay yo pou al viv anba tant; Potoprens, Delma ak Kenskof kontinye leve anba gwo kout zam. Tout sitiyasyon sa yo pa anpeche popilsyon an toujou rete tet anba tankou zonbi pou obseve ak kontinye kite yo trennen yo nan ma labou bel pwomès ki pa sispann kenbe gou bouch yo anmè kou fyèl bef!
Claude PRINCILIEN
Lavi FM
