Home / Haïti / Politique / Ayiti-Politik Ensousyans/Enkoyerans/Demagoji

Ayiti-Politik Ensousyans/Enkoyerans/Demagoji


Défilé moto, bann rara, distribisyon mil goud, tantativ asasina sou opozan, se nan snbyans sa a, kek dizèn moun ki reklame tèt yo de patizan premye minis Alix Didier Fils-Aimé te foule béton an jedi 17 jiyè 2025 lan pou akeyi li devan Ayewopò Toussaint Louverture, aprè toune li fè nan peyi États Unis.
Malgré silans otorite yo sou eksekirite ya, mizè, grangou ak soufrans moun kap viv anba tant yo, patizan Alix Fils-Aimé yo tap cheche vann li tankou yon dirijan kap byen sèvi peyi a.
Pandan patizan Alix Didier Fils-Aimé ap montre lap byen travay, Kafou Ayewopò- Delmas 30- Mibalè- Sodo- Lascahobas, Lachapel-Wouf frè ak Machan Dessalines bandi kontinye taye banda ak kontinye lage popilasyon an nan kouri. Tou sa se prev aklè ke Alix Didier Fils-Aimé ak ekip gouvènman li ya pap regle anyen pou soulaje mizè pep la.
Selon kek militan ki pa vle non yo site, Nenel Cassy, Enol Florestal ak Wilner Joseph, se yo ki te gen mwayen lajan nan men yo pou rann posib espektak sa a devan Aeyopò a pou te resevwa PM defakto a jou 17 jiyè ya. Plizyè militan kap viv anba tant e ki te prezan pou denonse move kondisyon yap viv nan kan yo te pase move moman anba men fanatik Alix Didier Fils-Aimé sa yo. Pi gwo viktim lan, se « Loiseau Junior » (alyas Leza oubyen Popoza) ki resevwa anpil souflet ak kout pwen, sou zye lapolis.


Lavi FM

Répondre

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *