Pa Doktè Harrisson Ernest 18 fevriye 2026
Gen moman nan lavi yon nasyon kote kestyon ki pi enpòtan yo pa fe deba, men yo kache yo, yo fè silans sou yo. Ayiti rive nan youn nan moman sa yo.
Sèt dènye ane yo make pa kriz politik san parey, ensekirite kwonik, enstitisyon yo febli, ak yon popilasyon ki fatige ak pwomès san rezilta. Nan menm peryòd sa a, yon lòt reyalite pran fòs: enfliyans medya altènatif yo, pami yo strateji sankoutya Radyo Ibo ak ansyen animatè li, Rudy Thomas Fatra.
Gen moun ki rele sa mirak. Mwen kwè kestyon an pi pwofon pase sa.
Lè bri vin fòs
Nan yon espas kote Leta pa konvenk, pawòl vin pran plas li. Mikwo a vin tribinal. Emisyon yo vin espas kote fristrasyon kolektif jwenn vwa.
Nou pa ka inyore reyalite sa a: kenbe yon platfòm enfliyan pandan sèt ane nan yon peyi ki enstab mande kapasite, estrateji, ak konpreyansyon dinamik piblik la. Sa se yon reyalite.
Men siksè fo mamit pa sifi pou evite kestyon.
Paske nan sosyete ki anba tansyon, bri fasil vin kapital. Emosyon fasil vin zouti mobilizasyon. Polarizasyon fasil vin motè odyans.
E se la kestyon etik la parèt.
“Fatra” kòm metafò sosyal
Lè mwen itilize mo “fatra” a, se pou m dekri ekzateman yon fenomèn ki pi laj: degradasyon diskou piblik la.
Fatra fizik pote mikwòb.
Fatra moral pote dezòd.
Fatra diskou pote divizyon.
Lè espas piblik la chaje ak inyoran, egri, kolè, sispèk, fo akizasyon, manti, ak atak pèmanan, sosyete a pa respire byen. Li vin tounen yon atmosfè ki chofe, men ki pa konstwi.
Kesyon an pa si gen kritik. Kritik nesesè. Kesyon an se ki kalite kritik nou ap ankouraje: èske li klere, oswa èske li sèlman limen dife?
Mirak oswa sentòm?
Radyo Ibo se pa yon aksidan. Li se yon pwodwi yon epòk. Sonje ke mwen te byen dekri istwa radyo sa a banou ak anpil verite e respè ke menm Herold Jean-Francois, mèt li, sanble pa bal regle anyen pou li.
Lè enstitisyon yo pèdi konfyans, fatra jwenn plas. Lè moun santi yo pa tande sak kredib, yo chèche tribin kote emosyon ap fè bri.
Men nou dwe poze kestyon sa a san pasyon:
Èske siksè yon medya nan klima kriz la se mirak, oswa li se sentòm yon leta ki febli ak yon sosyete ki fristre?
Si mikwo a ta vin paret plis pisan pase enstitisyon an, sa di plis sou sistèm nan pase sou moun ki nan mikwo a.
Responsablite kolektif
Li fasil pou pèsonalize deba a. Men pwoblèm nan pi laj pase yon non.
Medya gen responsablite.
Odyans gen responsablite.
Entelektyèl gen responsablite.
Dirijan gen responsablite.
Nou tout patisipe nan klima diskou nou ap viv ladan l la.
Kom Herold Jean-François te chwazi rekonpanse bri plis pase analiz, bri yan miltipliye, ranfose fatra nan radyo Ibo, jiskaske fatra pran lari e rive sou rezo sosyo.
Si nou valorize polarizasyon plis pase refleksyon, divizyon ap grandi.
Kidonk, Hérold Jean-François kache dèyè fatra kap fè bri e li responsab divizyon kap grandi nan sosye ya jodia.
Yon kestyon pou nasyon an
Atik sa a se yon envitasyon pou refleksyon.
Ayiti bezwen kritik.
Men li bezwen kritik ki konstwi.
Li bezwen pawòl ki leve nivo konsyans, pa sèlman pawòl ki eksite emosyon.
Si nou vle yon lòt nivo nan diskou nasyonal la, nou dwe egzije li — nan tout medya, san eksepsyon.
Paske finalman, kestyon an pa sou yon radyo sèlman.
Li sou kalite espas piblik nou vle kite pou jenerasyon kap vini yo.
Lè fatra pale, li pa mande pèmisyon.
Li fè bri atravè konsekans li. Fatra degaje move lodè, li santi fò, li bay mikwòb ak maladi, e li koze lanmò.
Men yon nasyon ki gen konsyans pa dwe kolabore ak fatra, li pa oblije viv nan mitan bri kap detwi moral li, jiska fizik li pi devan.
Ann chwazi leve nivo a. Nou kapab.
Ann mete tout fatra sou kote, e bay priyorite ak edikasyon, enstriksyon.
Tout peyi kap pwogrese pa bay plas devan ak fatra. Se setifika, diplom, lisans, konesans ak konpetans ki pale e ki mete devan.
Si se pa sa, randevou pita! Eske nou vle menm ti bagay la?
Dr Harrisson Ernest
Ansyen Direktè Jeneral Radio Télévision Nationale d’Haïti (RTNH) –
Analist sou kestyon gouvènans, medya piblik ak politik enstitisyonèl – Analist politik ak kòmantatè sou kestyon sekirite ak idantite dyaspora ayisyèn – Prezantatè emisyon TRIBUNAL DU SOIR sou LAVI FM –
Doktè, sikyat, kominikatè sosyal ak jiris
📧 harrisson2ernest@gmail.com
📞 +1 781 885 4918 | +509 3401 6837




