Manje vyann cheval se yon pratik ki antre depi kek ane nan kwizin ayisyen kap viv nan rejyon Nòdès peyi ya, pi presizeman nan Terye Wouj.
Pratik sa a pran nesans nan fen 20ème syèk la, nan mitan 2ème manda ansyen prezidan René Garcia Préval nan kad yon toune li te reyalize nan komin Terye Wouj. Nan okazyon sa a, pou te resevwa ansyen chef leta a, otorite lokal yo te touye yon cheval pou te prepare manje pou vizitè yo; san konte anpil etidyan ki te soti kiba e ki te deja ap naje nan pratik manje vyann cheval la.
Depi aprè resepsyon sa a, anpil moun nan lokalite a lague nan manje vyann cheval ke yo batize sou non chamo. Depi aprè evenman sa a, anpil moun nan Terye Wouj lage nan komès vyann cheval (Chamo). Tout moun kap frekante wout Nòdès la kapab wè ak zye yo machann chamo yo sou tout wout la.
Plis moun yo manje vyann Chamo, se plis vin gen anvi ak konsiderasyon pou vyann sa a. Fok ou gen 500 goud nan menw pou manje yon pla vyann chamo fri ou yon bouyon cheval nan lokalite Malfeti ak komin wanament, kote vyann sa vann pi chè. Sa vle di, pratik manje vyann cheval la kite Terye Wouj, e gaye nan lot kominn depatman Nodès yo.
Si avan, moun yo te konn touye jen ti Cheval ki an sante, ki potko donte e ki pat gen maleng sou kò yo, jounen jodia vandè yo touye nenpot cheval pou fè komès, menm milèt ak bourik pa epanye. Konsomasyon san kontwol vyann cheval la vinn gen anpil konsekans sou lavi peyizan Nodès akoz zannimo sa a komanse disparet nan rejyon an. Sa ki lakoz ke moun kap fè move wout, moun ki prale nan mache, oubyen ki prale nan jaden pa gen cheval pou ede yo pote chay yo.
Eske Leta Ayisyen pagen wol li nan sa? Eske Ministè agrikilti ak Minstè anviwonman pata dwe gen zye louvri sou sitiyasyon sa a? Eske Ministè Sante pata dwe ap travay sou fenomen sa a tou? Yon dosye LAVI FM ap kontinye swiv pou sosyete ya.
Uguette MOMPREMIER
Depatman Nodès/ Wanament
Lavi FM